Siwo myèl

Siwo myèl nou an 100% natirèl. Nou fè rekòt la nan kondisyon ijyènik, ak ekipman modèn, e nou pa ajoute anyen ladan l.

Lè w goute l, w a wè siwò ki soti nan riche nou an gen yon gou spesyal. Li dous, rich e ekilibre, paske riche a antoure ak anpil pye bwa ak plant melifè, tankou kanpèch, moringa, mango, nwa, gwayav, zaboka, melis, grenadya, e latriye.

Sa fè li trè bon pou sante w, e li bon pou anviwònman an tou. Lè fini, se yon fason n ap ede lekòl nou an kontinye bay tout moun nan zòn nan akse ak yon edikasyon de kalite.

Siwò a disponib nan zòn Wanament. Si w nan yon lòt zòn, pa gen pwoblèm : ou mèt antre an kontak avèk nou, epi n ap fè w jwenn li.

Imel nou se : loyola.apikilti@gmail.com


Lòt pwodui nou yo : ekstre pwopolis ak materyèl pou apikiltè

Kiyès nou ye

Tounen nan paj prensipal la

Design a site like this with WordPress.com
Get started